RESOUS
Enfòmasyon sou viktim yo: Resous Depatman Deta Ameriken
-
Pou w kab mande enfómasyon oubyen pou w kab bay enfómasyon sou sitwayen ameriken ki ann Ayiti: voye yon imel bay gwoup ki anchaje koze a nan:
Haiti-Earthquake@State.Gov
. Oubyen tou, si w Ozetazini oubyen Kanada, rele nan: 888-407-4747. Si w pa Ozetazini ak Kanada, rele nan: 202-501-4444. -
Pou sitwayen ameriken ann Ayiti ki bezwen èd oubyen ki vle fè nou konnen ki jan yo ye ak ki kote yo ye: rele Gwoup travay konsil nan anbasad la nan: 509-2229-8942, 509-2229-8322 oubyen 509-2229-8672. Ou ka voye yon imel bay anbasad la tou nanACSPaP@state.gov.
-
Pou moun tout nasyonalite ki toupatou: sèvi ak zouti lojisyèl Person Finder a (chèche moun) nan sit entènèt http://www.state.gov/haitiquake pou nou ka jwenn enfòmasyon sou moun nou pa wè oubyen pou nou bay enfòmasyon sou yo.
-
Sitwayen ameriken k ap tann desizyon sou ka adopsyon ann Ayiti: Kontakte depatman Deta a nan AskCI@state.gov pou yo ka ban nou enfòmasyon sou ka adopsyon nou an.
-
Si w bezwen repons pou kesyon moun poze souvan: Si w bezwen repons pou kesyon moun poze souvan sou sa Konsil la di, tanpri ale sou sit wèb Depatman Deta a.
Lòt fason moun kapab ede
Se USAID k ap kontwole èd Etazini ap bay poutèt dezas ki fèt Ayiti a. Anwetan moun k ap bay lajan, li mande pou tout moun ki vle bay konkou (volontè, machandiz, sèvis), sa nou genyen pou nou ofri, voye di Sant enfòmasyon sou dezas entènasyonal (Center for International Disaster Information) sa nan http://dex.cidi.org/.
Pi fò ajans k ap pote sekou lè gen dezas ka sèvi pi byen ak kotizasyon lajan. Si w bezwen lis ajans k ap ede apre tranblemanntè ann Ayiti a, epi si w bezwen plis ranseyman sou ki jan ou kapab ede yo nan efò y ap fè yo, ale sou:
- UN Flash Appeal (an pasan pa ReliefWeb): lis bezwen moun genyen divès kote, lis òganizasyon ki pa gouvènman (ONG) ak lis pwojè ki bezwen kout men. Moun kapab telechaje lis nan òdinatè. LONI gen tan verifye òganizasyon ak pwojè sa yo.
- Interaction: Enfòmasyon sou ONG k ap pote sekou ann Ayiti pou tranblemanntè a.
- Nasyonzini ap fè apèl a biznis yo:: Enfòmasyon ak resous sou fason biznis yo kab ede Ayiti.
- Òganizasyon mondyal lasante: : Enfòmasyon pou moun k ap bay pansman, medikaman, eksetera ak ekipman medikal.
Enfòmasyon sou tranblemanntè a ak efò pou yo pote moun yo sekou
- Mezon blanch: Enfòmasyon sou èd gouvènman federal la ap bay poutèt tranblemannt` a
- Yon sèl sous enfòmasyon:: Yon sèl sit wèb pou tout òganizasyon k ap ede pou amelyore travay y ap fè ansanm nan
- Relief Web: yon lis tout reyinyon enfómasyon piblik yo bay sou Ayiti
